Search

Kisa ki motive w pou avanse?

Anpil fwa nan lavi nou konn ap travèse moman ki mande pou repanse oswa chanje direksyon nou te vle pran nan lavi nou. Chanjman sa yo konn vini avèk avantaj, men anpil fwa avèk obstak. Ala bèl sa t ap bèl, si nou te kapab mache sou yon wout ki dwat pou atenn destinasyon nou vle a, men elas…

Aktyèlman, n ap viv nan yon kontèks kote anpil moun oblije kite peyi a pou divès kalite rezon. Daprè dènye rapò USCIS fè sòti, gen plis pase 100 000 ayisyen ki ale viv nan yon peyi etranje. Deplasman sa yo konn mande pou rekòmanse a zewo, pafwa nan yon laj ki avanse. Epitou, li konn mande anpil efò adaptasyon. Pale yon lang ki pa lang matènèl ou se deja yon gwo tchalenj ! Men, kisa ki objektif ou ? Kisa ou vin chèche ? Kisa ki boustè lavi w ?

Desizyon ak objektif nou fikse pou lavi nou se bagay ki pèsonèl nou chwazi an fonksyon konviksyon, kwayans, ak dezi pèsonèl nou. Men, si n ap apiye nou sou kèk apwòch syantifik, nou kapab gade apwòch pwofesè sikoloji Fabien Fouillet, nan liv li a ki rele, les théories de la motivation, 2012, kote li pale sou motivasyon kòm kòz ki pèmèt nou konprann konpòtman moun. Li fè konnen « motivasyon » se yon pwosesis, men se pa yon « eta » . Vallerand ak Thill (1993), fè konnen motivasyon, se yon konstriksyon ipotetik yo itilize pou dekri fòs entèn epi/oswa ekstèn ki pral pwodui deklanchman, direksyon, entansite, ak pèsistans nan konpòtman an.

Si nou kapab rezime de (2) definisyon sa yo nan yon fason ki senp, nou kapab di se chèche anndan w rezon ki pèmèt ou leve chak jou epi avanse a. Èske w fè l pou tèt ou ? Pou fanmi w ? Pou bèl kay w ap gen alavni a ? Pou tout peyi ou ta renmen ale vizite nan kèk ane ?

Lè w fini konnen « Kisa a » se sèten ou pral kapab chita sou « Kòman an. »

M konn tande moun ap di, lè lavi a ba w yon sitwon, pa gen lòt chwa ke fè limonad! Men, m ap ajoute se ou ki pou deside ki kalite sik w ap mete pou bouste chimen lavi w.

Chèche sous motivasyon w !

Dina R.

28 Views
Join the discussion

More from this show

SOL PLUS ANNUAL CLOSING

Join Us for Our Annual Closing Ceremony You’re invited to our Annual Closing Ceremony as we reflect on the year gone by and celebrate...

BroadcastsEpisode 3